Rektè inivèsite piblik Grandans lan, mande minis finans lan, peye pwofesè ak pèsonèl administratif yo plis pase yon 15 zènn mwa lajan travay yo.

561

07-23- 2023

Jeremi, Ayiti___(TRiboLAND) Rektè inivèsite piblik Grandans lan, pwofesè Rony Medy ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konnen, sa genyen yon bon bout tan, depi leta pa bay alokasyon pou fonksyonman Inivèsite piblik Grandans lan; leta Ayisyen pa peye pwofesè kap fe kou yo, ni pèsonèl administratif la, ki pakouri plizyè kilomèt pou vinn travay chak jou.

Rektè Rony Medy nan non rektora a, denonse konpatiman responsab finans yo, kou ministè a kap maltrete resous imèn depatman Grandans lan nenpòt kòman, nan ankouraje yo kite peyi a, e mande pou ke otorite yo nan leta a, konsyantize’l sou pwoblèm nan.

Comments are closed.