Gouvènman defakto Ariel Henry a fè arete militan Arab, maten lendi12 fevriye 2024 la nan vil Okay

958

02 – 12 – 24

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Militan Myrtil Marcelin ke tout moun konnen sou non, “Arab” jwenn arestasyon li maten lendi 12 fevriye 2024 la nan vil Okay, depatman sid peyi Dayiti.

N ap raplew ke Arab se yon n nan patizan ansyen prezidan Jovenel Moïse ak ansyèn premyè Dam nan Martine Moïse, ki te toujou ap vwayaje nan tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti pou mande ak gouvènman sangwen Ariel Henry a fikse rega li sou pwojè Jovenel yo.

Militan Arab ki te gen manda rale mennen vini dèyè li pou koulya twouve li nan gadavi nan vil Okay, dapwè sa Eli TV rapòte.

Comments are closed.