Bilan PNH branch Nòdwès pou mwa jwiyè 2020 an : 154 moun jwenn arestasyon yo

265

Pòdpè____(TRiboLAND) Nan yon konferans pou laprès pandan wikenn sa a, Lapolis depatmantal nan Nòdwès prezante bilan operasyon li rive mennen atravè plizyè komin depatman an, soti 9 jwiyè pou rive 31 jwiyè 2020.

Daprè Pòtpawòl Polis Nòdwès la, Enspektè Joseph Léonel, gen 154 moun ki jwenn arestasyon yo poutèt yo ta enplike nan vwadfè, eskwokri, menas lanmò ak vòl.., pou n site sa yo sèlman.

Pòtpawòl la kontinye pou l di, pandan mwa jwiyè 2020 sa a, genyen plizyè krim ki komèt nan depatman an. Ka ki pi revòltan, pi grav, pi frapan, se yon jenn gason 42 lane lapolis te arete nan zón Mawouj (Mòl Sen Nikola), popilasyon te rive pran l nan men lapolis ansuit boule l tou vivan.

Enspektè Joseph, bay popilasyon Nòdwès la garanti lapolis ap fè tout sa l kapab pou mete men nan kòlèt tout bandi ki konprann yo kapab vin pran refij yo nan depatman Nòdwès la pou vin fè dezòd.

Saint Jean wiskis

Comments are closed.