Arestasyon ansyen senatè repiblik Nenel Cassy nan Petyonvil

464
0
Share:
TRiboLAND

Petyonvil, Ayiti______(TRiboLAND) Finalman aprè plizyè mwa rechèch ak trese lèl nan mawonaj fas ak yon manda trennen pote vini ki pote anpwent DCPJ, ansyen senatè Nenel Cassy ke yo tap chèche tankou chyen fou, resi jwenn bouchon li.

Enfòmasyon yo fè eta de yon kout dwèt ke yo ta fè sou senatè a, nan moman li tap asiste yon gro reyinyon ak anpil gro bwa reselèz politisyen nan yon restoran nan Petyonvil ki pote non “Larezèv”. Pou kèk temwen anonim, te menm genyen kèk diplomat ki ta sanble te fè pati group sila ki tap reyini nan espas sòlòkòtò a.

Antouka, li pat pran anpil tan pou nouvèl la te gaye sou tout rezo sosyo yo. Anpil moun estime se yon gro pwason ki ta pwan nan yon setup. Nènèl ki ta sanble li te pèdi kontwòl sitiyasyon an, te parèt detanmte tankou li ta pèdi bonnanj li.

Nap raple, ansyen senatè Nenel Cassy, fè pati yon latriye lòt senatè, depite ou politisyen ayisyen ke yo akize ki genyen men yo tranpe nan destabilize peyi Dayiti nan danse kole ak gang sangwen. Li te fè pati mouvman “Peyi Lock”, yon peryòd tèt chaje ki te mete peyi ajenou ak sou mod paralitik. Nenel fè egalman pati yon latriye moun ke peyi Etazini sanksyone pou kòrisyon ak eleman destabilizatè.

Nan moman sila, fòs sekirite ki mare Nenel kon krab yo, ta sanble te tou pwofite al fè pèkizisyon lakay li nan Pèleren 6, nan Petyonvil.

Share:

Leave a reply