Gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav nan lannwit vandredi swa pase, lakoz anpil dega nan vil la.

1,082

04-16-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Gwo lapli ki tonbe sou komin Tigwav nan lannwit vandredi 14 pou louvri Samdi15 Avril 2023 a, lakoz anpil dega anrejistre nan vil la; divès kay inonde, dlo pote plizyè tèt betay, papye enpòtan ale nan dlo lanmè sale.

Nan Bannan,Tiginen, Bayilòd, wout nasyonal #2, Chabann, Plas Faustin Soulouk, se kèk nan zòn ki tap naje anba dlo, labou, e fatra aprè rakle lapli a.

Kèk sinistre ki pèdi afè yo, move kou kong e yo pa mete dlo nan bouche yo, pou denonse aktyèl otorite yo, ki pa fè anyen pou evite yo viktim anba dlo desann. Sa pa genyen lontan moun nan popilasyon an, te atire atansyon swadizan otorite yo sou malè ki pandye sou tèt yo; lè yo konnen ki ravaj rivyè Kayiman ka fè lè li desann.

Nap raple, sa pa genyen lontan depi sitwayen nan divès zòn sa yo, te mande responsab yo pou fè kichoy prese-prese pou te evite yo viktim anba Rivyè Kayiman, malerezman otorite yo te kwaze bra yo ap gade; yo pat fè anyen pou amelyore soufrans popilasyon an.

JOICY Arnold

Comments are closed.