Rony Célestin ak Hervé Foucand se non 2 dilè Dròg PHTK, ki vin ogmante lis palmantè kowonpi yo nan peyi Dayiti.

1,176

Depatman Trezò Peyi blan meriken konfime, jounen vandredi 02 desanm 2022 a, ke yo pran gwo sanksyon kont Rony Célestin ak Hervé Fourcand.

12-02-2022

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt kap fè laviwonn dede sou rezo sosyal yo, jounen vandredi 02 desanm 2022 a, depatman Trezò peyi blan meriken konfime ke yo pran gwo sanksyon kont Senatè Rony Célestin ak ansyen Senatè Hervé Fourcand, pou trafik dròg nan peyi Dayiti ak lòt bò dlo.

Pou Senatè Rony Célestin, peyi blan meriken fè konnen, lap bwase dwòg nan majorite zile Bayamas, Ayiti ak Etazini; li achte yon villa ki koute 4,25 milyon dola nan Laval, Kanada. Kanta ansyen palmantè a, li bwase deal dròg li sèlman nan rejyon Sid peyi Dayiti.

Li enpòtan pou konnen, malgre divès mezi ap pran pasi pala, anpil ayisyen pa janm kwè peyi blan meriken, paske pou yo menm se enterè blan meriken ki ta sanble andanje.

Poze kesyon pou konnen, kisa peyi Dayiti pral benefisye nan eskandal dwòg ak lajan blanchi sa yo? Kont bankè ki jele? Yon dosye nap suiv ak anpil enterè.

Comments are closed.