Legliz Evanjelik Batis Mon Siyon Kot Defè Ansa Folè boukle yon semèn mwason an bote e avèk anpil renouvèlman esperityèl

352
0
Share:
TRiboLAND

Kot Defè Ansa Folè, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou yon konsèp ki chita sou “Koz e avèk Efè”, Legliz Evanjelik Batis Mon Siyon Kot Defè Ansa Folè, nan Kot Defè, reyalize yon semèn konferans mwason wololoy, anba tèm “La loi de la semence”, daprè 2 korintyen 9 vèsè 6.

Avèk leadership predikatè Joseph Fritz, otorite espirityèl legliz la, te fè apèl a youn nan pitit rejyon an ki trè trapi e espirityèlman ankre nan domèn nan, Reveran pastè Leonel Mocombe, Église Évangélique Baptiste Peniel nan vil Pòdpè. Mocombe delivwe yon semèn degras nan yon anbyans kote yon latriye moun te soti toupatou e chak swa, vini, rejwi ak renouvele nanm yo.

Sou tèm “La loi de la semence”, kretyen yo te gen chans konpran law “Koz e Efè” a nan yon kontèks espirityèl. Li reji anba yon pwensip ki di ke chak moun, plant, oubyen tout sa ki vivan sou latè, pote ladan l yon bagay ki pèmèt li bay lòt moun oswa lòt bagay ki sanble avèk li. Konsa, sa ou plante oswa sa ou fè, ap gen yon enpak ki pouse pou yon pwochen jenerasyon, yon nouvo lavi, oswa yon konsekans ki sanble avèk sa ou te fè a.

Jodi dimanch 3 dawou 2025 lan, Legliz Evanjelik Batis Mon Siyon Kot Defè Ansa Folè, kontinye ap fè koze! Yon jounen ki pral mete bout yon semèn fèt mwason, ke enstitisyon eklezyastik la pa janm konnen. Plizyè group ou delegasyon relijyez ki soti nan diferan lokalite, pote kole nan kad solidarite espirityèl ak angajman fwatènèl.

Anfen, sa nou kreye ou seme nan lavi, nan kwayans ak nan aksyon nou, ap genyen efè sou lavni nou. Angro, se sa ki konstitye mesaj mwasonyè Legliz Evanjelik Batis Mon Siyon Kot Defè Ansa Folè a, pou ane 2025 lan, nan objektif pou remanbre espirityèlman kongregasyon an, ki plis ke jamè merite ajiste e motive.

Share:

Leave a reply