Rèl ak senti mare ak konsolasyon, se tout sa fanmiy polisyè Maclise Badin ap travèse depi yèswa

964

10-29-2023

Petyonvil, Ayiti_______(TRiboLAND) Se kri arama nan zòn Mòn Ékil, nan komin Petyonvil apwè fanmiy polisyè (CIMO) Maclise Badin te apran nouvèl lanmò pitit fi yo, jènn ti negrès ke bandi ki pa idantifyab ta sanble egzekite lachman.

Maclise ki te afekte nan CIMO, soti nan zantray 30èm pwomosyon PNH la, dapwè sa SYNAPOHA ta fè konnen. Inosan ajan lòd la, mouri nan lanwit 28 oktòb la; li se 32èm polisye ki egzekite depi mwa janvye pou rive oktòb 2023 a.

Ke nanm polisyè a repoze nan trankilite e ke espwi li tounen yon nyaj lanmò pou vizite tout koupab yo.

Comments are closed.