Lapolis mete anba kòd 2 pwezime bandi rapòtè village de Dieu

0 502

Pòtopwens___(TRiboLAND) Dapwè yon sous polisyè, ajan PNH yo mete anba kòd 2 pwezime manm gang ki tap opera nan Village de Dieu yè Jedi apwè midi 30 Janvye 2020 sou ri Champs de Mars la nan Pòtopwens.

Dapwè enfòmasyon Lapolis yo, arestasyon 2 mesye sa yo ki pote non: Edner Paulinet ak Guillaume Jean Baptiste te fèt sou baz reselè ak kòkòday yo avèk rezo gang Village de Dieu a ke yo bay tete oubyen charèt.

Nap raple, bandi ki pote non Guillaume nan ke yo idantifye kòm moun ki pwetann ap vann minit telefònn “pap padap” konsidere kòm souflantchou rapòtè kap travay pou gwo chèf gang ki rele “Mano” kap kontwole katye defavorize sa.

Leave A Reply