Jan Rabèl : Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè selebre 28èm Anivèsè li sou Tèm Angajman ak Dinyite pou Timoun yo

Jan Rabèl, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan yon atmosfè chaje ak memwa, rekonesans ak angajman, Pwogram Nasyonal Kantin Eskolè (PNCS) selebre 28èm anivèsè li nan depatman Nòdwès la, espesyalman nan komin Jan Rabèl, kote inisyativ la te pran nesans sou leadership Òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan yo nan ane 1997.
Se te yon mouvman vizyonè, ki te mete sou pye ak objektif pou timoun lekòl yo jwenn yon pla cho pandan yap swiv enstriksyon, yon fason pou soulaje grangou epi ranfòse chans siksè yo nan pwosesis aprantisaj.
Nan okazyon selebrasyon sila, responsab yo mete aksan sou tèm: “Ann angaje-n pou-n bay timoun lekòl yo bon kalite manje.”
Jacques Sander Cemeus, Kòdonatè PNCS pou depatman Nòdwès la, pwofite moman an pou remèsye tout aktè ki kontribye nan fonksyònman kantin eskolè yo, epi mande tout anplwaye angaje tèt yo plis toujou pou misyon sakre sa a: nouri lespwa timoun yo atravè manje ak edikasyon.
“Atravè PNCS, nou pa sèlman bay timoun yo yon pla manje cho, men nou ofri yo yon chans, nou ba yo fòs, e sitou dinyite. Se sa kap fè gran chanjman, e ki kapab bay nesans ak yon forè esperans pou demen peyi a,” se sa Kòdonatè Cemeus deklare ak pasyon.
Li renouvle angajman li kòm leader lokal enstitisyon an pou kontinye travay san pran souf, ansanm ak ekip li a, pou amelyore bon jan kalite sèvis ke y’ap bay timoun yo nan tout kwen depatman an.
Selebrasyon an te genyen anndan’l yon latriye aktivite kiltirèl ak edikatif; prezans direktè lekòl, otorite lokal ak reprezantan òganizasyon patnè ki kontinye sipòte misyon PNCS la.
28 lane apre lansman li, PNCS kontinye kanpe kòm yon poto mitan nan batay kont malnitrisyon nan mitan timoun lekòl yo, pandan li ofri repa ki asosye ak yon avni.






