ANAEL mande demisyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an pou sove peyi a

357
0
Share:
TRiboLAND

12/14/2025

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Asosyasyon Nasyonal Ansyen Eli Lokal Dayiti (ANAEL) nan vil Pòdpè, pale ak laprès jodi dimanch 14 desanm 2025 lan pou lanse yon lòt apèl bay Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), pou mande l rache manyòk li bay peyi a. Daprè ansyen majistra komin Pòdpè a, Guillet Salvador, “pa gen wout pa bwa” ankò : nèf (9) manm KPT yo dwe kite espas la san pèdi tan, paske yo pa pote okenn solisyon reyèl pou kriz politik, sosyal ak sekiritè peyi a ap travèse.

Nan deklarasyon yo, ansyen eli lokal yo estime KPT a, pa bay rezilta, men okontrè li vin agrave sitiyasyon peyi a pi mal. Yo denonse sa yo rele enkapasite, dezòd ak mank vizyon estriktirèl, ki selon yo kap kontinye mete pèp la anba soufrans.

ANAEL mande pou mete sou pye yon gouvènman lejitim ak yon prezidan ansanm ak yon premye minis, ki va gen misyon klè pou retabli lòd, sekirite ak konfyans nan leta a; epi prepare teren an pou òganizasyon eleksyon onèt, lib e kredib.

ANAEL fè konnen tou li rete kwè ke chwa yon prezidan ki soti nan Kò Kasasyon an kapab yon bon opsyon, paske selon yo se sèl enstitisyon ki kanpe toujou nan peyi a, malgre absans pouvwa egzekitif ak lejislatif la.

“Kasasyon n ap prale”, se sa ansyen eli lokal yo deklare, pandan yo presize yo pa nan kan “9 bwakè” yo akize kòm moun k ap teworize peyi a san yo pa pote okenn bon rezilta. Pou ANAEL, se sèlman atravè chanjman radikal nan tèt leta a peyi a nou ka jwenn yon chemen delivrans.

Share:

Leave a reply