Pòdpè : Lapolis pwosede ak entèpelasyon prezime asasen polisye UDMO, Anthony Dumas

1,610

08-07-2022

Pòdpè, Ayiti _____ (TriboLAND) Lapolis nan Pòdpè pwosede ak entèpelasyon Gelin Bon-Amy, alys “GG Overdose” prezime asasen polisye UDMO Antony Dumas ki tap travay Latibonit 28 jiyè ki sot pase la, aprè yon bakòk UDMO tap vin asire sekirite moun Latibonit ak moun Nòdwès nan Va, sou wout Gwomòn – Basen Ble a

Prezime asasen an, ki se youn nan gang kap opere nan Ti Bwadòm, ki konnya an difikilte aprè plizyè operasyon nan zòn sa tap pran direksyon Lakwa Sen Josèf pou al jwenn group gang Erick Prospère, yon group ke li abitye travay pou li.

Antouka, Bon-Amy jwen arestasyon li nan moman fòs lòd yo detèmine pou eradike asosyasyon gang lan ki kòmanse ap pèdi plim.

Comments are closed.