Protestasyon: gaz lakrimojèn lapolis touye yon ti lèzanj 3 lane

1,355

09-30-2022

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Eksè izaj gaz lakrimojèn okazyone lanmò presipite yon ti lèzanj 3 lane ki rele Jameson Despinasse nan zòn Dèyè Lakwa, nan Pòtoprens yè jedi 29 septanm 2022 a.

Chovi a, selon papa li, te sanble genyen depi nan mèkredi yon ti problèm respiratwa, ki ta pral subi apse sou klou lòske fòs lòd yo te lanse avègleman yon bonbòn gaz lakrimojèn, yon fason pou te mete dlo nan diven yon gro sòlòkòtò manifestasyon.

Jameson pran nan gaz la nan moman li te lakay li. Yo te transpòte’l lopital nan jedi maten, malerezman tout fòs li te trayi li; li te oblije bay dènye souf li.

Se yon veritab dràm pou papa Jameson ki pa manke agzije yon ankèt serye bò kote otorite konsène yo yon fason pou fanmiy la kapab jwen to moso jistis e fè otè krim yo peye pou yon paèy zak malonèt.

Comments are closed.