Etidyan nan Pòtopwens fè makònn pou lite kont aktivite kidnapping

0 384

Pòtopwens___(TRiboLAND) Yon manifestasyon kont ensekirite ou akitivite òganize nan mitan bout jounen yè Mèkredi 12 Fevwiye 2020 anba lobedyans yon gwoup etidyan Inivèsite Leta Dayiti (UEH) yo nan kapital Pòtopwens lan.

Etidyan pwotestatè yo ki tap kouri divès kwen nan kapital la tap kadase “aba kidnapping,” “aba kanaval” te rale, derache e menm demoute konstwiksyon stand kanaval ke yo te jwenn sou wout yo.

Konsa, sa pat pran tan pou Ajan Kò Entèvansyon ak kenbe lòd (CIMO) te entèvni pou mete ola ak gaz lakrimojènn.

Leave A Reply