Yon ekip ansyen palmantè Gran Nò kòmanse chante fineray Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an.

Nòdwès, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon delegasyon ansyen palmantè Gran Nò (Nò, Nòdwès, Nòdès, Latibonit) , ki gen nan tèt li, ansyen depite Mòlsennikola a, msye Yves Dupras, mete yon bout jounen vandredi 04 jiyè 2025 lan nan kad vire tounen yo t ap efektye nan Nòdwès peyi a. Objektif yon parèy virewon, selon Yves Dupras, se rive chita pale ak tout kouch nan diferan popilasyon sou sitiyasyon peyi a; demach sila kapab fasilite yon altènativ aprè depa Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, 7 fevriye 2026 pwochen.
Selon Yves Dupras, KPT an te gen misyon :
☆ Konbat Enskirite an anndan peyi a.
☆ Konbat mizè k ap souke labil popilasyon an.
☆ Fè tout moun bandi te fòse deplase yo, retounen lakay yo.
☆Òganize eleksyon san magouy pou renouvle pèsonèl politik la.
Devan tout konsta sila yo, anpil moun kapab remake, KPT a echwe nan misyon l. Li dwe bay talon li pou fè plas ak yon lòt e dènye tranzisyon pou remete peyi a sou ray li, daprè Dupras ki tap depoze.
Ansyen Eli Mòlsennikola a, msye Yves Dupras, fini pou di “depi yon ekip pap bay rezilta, se chanje li; ki donk, Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon ki la, prale, pou fè plas ak yon lòt e denye tranzisyon pou retire malè pandye a sou tèt nasyon ayisyèn nan.






