Mouvman Tèt Kole Ti Peyizan branch Grandans, manifeste nan Jeremi kont tout kalite ensekirite .

851

03-30-2023

Jeremi, Ayiti______ (TRiboLAND) Yo te plizye manm òganizasyon Tèt Kole Ti Peyizan kite soti atravè plizye komin depatman Grandans lan, te nan vil Jeremi maten jedi 30 mas 2023 a, pou di non ak zak ensekirite ak lavi chè kap vale teren.

Manifestan ki pakouri divès ri nan vil Jeremi, te rive devan biwo Delegasyon depatmantal lan ak nan chak gran kafou. Patisipan yo te delivre yon mesaj, pou mande otorite konsène yo, ak peyi swadizan zanmi peyi Ayiti yo, di yo mo pou mas pèp lan, ak peyizan yo kap finn mouri anba kout zam bandi ak grangou (kaliko), yo di ki pa genyen lanvè ni landwèt.

Manm Tèt Kole Ti Peyizan yo nan Grandans, ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, eskplike kòman yo menm mas pèp lan, peyizan yo viktim, sou tout fòm ensekirite jeneralize sa yo ki tabli nan 4 kwen depatman Grandans lan.

Konsa, yo pwomèt pou okipe beton an jouk mayi mi, yon fason pou fòse otorite konsène yo bay solisyon a pwoblem yo kap trakase bil popilasyon an.

Comments are closed.