Jeremi : Pè Joachin Samedy mande ameriken sispann bwè san ayisyen e li ankouraje tout peyi Dayiti kore Achitèk Leslie Voltaire ki riske pèdi lavi li pou delivrans Ayiti

352
0
Share:
TRiboLAND

12 – 29 – 2024

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND ) Pè Joachin Samedy ki tap patisipe Jodi dimanch 29 disarm 2024 la nan fèt patwonal Sent Famiy nan lokalite Bòd, komin Jeremi, denonse ak tout fòs li gouvenman ameriken, kap dekòde nan moman genyen jefò kap fèt pou sòti Ayiti, nan salmanaza ke atoufè akostim e bandi kriminèl ak zèl sapat mete l depi yon bon bout tan an.

Pè Joachin Samedy, pwofite nan okazyon selebwasyon fèt Sent Fanmiy lan, pou li kase mete nan men ameriken yo li di ki genyen men yo tranpe men longè nan malè peyi Dayiti. Li rabat pou li denonse yon plan kriminèl kap manniganse ant enperyalis yo ak konplisite konze ayisyen, pou touye prezidan KPT a, enjenyè Achitèk Lesly Voltaire. 

Li pa sispann voye ochan bay Achitèk Lesly Voltaire ke li kalifye kòm yon moun ki poze yon ak bwav e eroyik, lè li solisite èd peyi Simon Bolivar a ak tout lòt peyi alye yo. Pou Pè Samedy, Lesly Voltaire ki se presidan KPT a, reveye konsyans lpatriyotik li ki tap kabicha; li estime Voltaire genyen san edikatè Benoit Batraville ak Francois Borgia Charlemagne Péralte nan venn li. Li estime ke se frekansite pèmèt pou se ameriken ki dwe enpoze yo peyi ki pou ede yo!

Kire pawàs Notre Dame Fatima a, mande pou popilasyon an mobilize kont tout Jean Baptiste Konze, ki pral mete tèt ak gouvènman ameriken pou pann diplomatikman Achitèk Lesly Voltaire ki oze remete an kesyon plan makab machal gouvènman ameriken an pou Ayiti.

Li trete ameriken yo kòm chakal ki aswafe san; konsa, li mande yo pou yo sispann bwè san ayisyen, sispann ensekirite ke yo ap alimante a. Finalman Pè Samedy, ke moun pat tande pou yon bon bout tan, deklare ke li pa danse kole ak KPT a; sepandan, li apiye bwavou Achitèk Lesly Voltaire e mande tout ayisyen konsekan, pou òganize yo davantaj pou konbat tout fòm konze nouvo e ansyen ki kontinye ap adore Papa Sam odetriman pèp ayisyen an.

Share:

Leave a reply