Komemorasyon 38 e anivèsè lanmò 139 Ti Peyizan yo nan Larezèv. Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, mande jistis ak depa KPT a.

Nòdwès, Ayiti______(TRiboLAND) 23 jiyè 1987 – 23 jiyè 2025, sa fè 38 lane depi grandon nan Jan Rabèl te touye, masakre, asasinen, ensandye zòn Larezèv, 139 tipeyizan poutèt yo t ap reklame tè yo.
Depi lè saa, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, Nódwès, pa janm sispann mande jistis bòkote otorite yo ki kontinye woule yo nan farin. Nan okazyon an, TètKole Ti Peyizan Nòdwès, te òganize nan Chansòlm, jounen mèkredi 23 jiyè 2025 lan, yon mach pasifik pou kontinye mande jistis pou fanmi viktim yo. Peyizan yo ki t ap pakouri plizyè ri nan Chansòlm, pannkat nan men yo e yo t ap lanse pawòl piman bouk kont KPT a yo di ki mete ansam ak gang ak sapat yo pou dechèpiye peyi a.
Responsab nasyonal òganizasyon sila a, msye Pierre Joseph, nan kad entèvansyon l, fè Leta sangwenn an konnen : 139 Ti Peyizan sila yo pa t mande zam pou yo okipe tèritwa nasyonal; yo pa t mande zam pou okipe lari a pou fè rezèt ak mache fèmen lekòl, men yo t ap sèlman reklame tè nan men Leta souflantchou an tè pou yo travay paske yo konnen tè se pou peyizan travay pou ankouraje Pwodiksyon Nasyonal la pou fè faskare ak pwodui pèpè ekspire ki anvayi tèritwa ayisyen an.
Mach pasifik lan te fini san anken ensidan. Òganizatè yo pwomèt pou yo kontinye okipe beton an jiskaske paran viktim yo jwenn jistis ak reparasyon.






