Pakè Pòdepè: Nòt remèsiman

02/23/21
Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon rankont ak laprès jounen madi 23 fevriye 2021 sa, chèf pakè Pòdpè a, Me Bellamin Jean Volney, voye yon gwo koutchapo bay popilasyon Nòdwès la pou bon jan konpòtman yo te afiche pandan 3 jou gra yo nan vil Pòdpè.
Pakè a te tou pwofite remèsye direktè depatmantal polis Nòdwès la, Enspektè Daniel Compère, reprezantan egzekitif la ansanm ak vis-delege Awondisman Pòdpè a, respektivman Wilson Sony Dordoille ak Renard Jean Rivière, Lameri san konte kavalye yo li di ki te voye yon imaj pozitif pandan tout dewoulman kanaval Nasyonal la nan site Kapwà Lamò a..
Komisè gouvènman an te pwofite answit anonse ou prezante bay laprès arestasyon yon sèten Harris Roger yo te kenbe anfla gran deli ak 10 sak siman ki te la pou fè travay asenisman an atravè vil la. Nan moman n’ap pale a, genyen ankèt ki louvri pou rive mete men nan kòlèt kèk endividi ki gen non yo site nan vòlò siman travay k’ap fèt nan vil Pòdpè, selon Me Bellamin Jean Volney ki t’ap depoze.

Kanaval Nasyonal la fini ak anpil kè kontan, savledi san vyolans nan Nòdwès selon òganizatè yo men sa pa anpeche gen kèk timalere ak malerèz ki te fè djòb ak Lameri Pòdpè a ki kontinye ap manifeste e monte tant yo devan Meri a pou reklame nadmarinad fòs kouraj yo.
Saint Jean Wiskis






