Ajan BLTS yo nan Pòdpè mare kon krab e transfere Doktè Isaac Archelus Pòtoprens nan dosye dwòg zile Latòti a

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Ajan Brigad Lutte contre Trafic de Stupéfiants (BLTS) nan depatman Nòdwès la fèk transfere òtopedis Lopital Imakile Konsepsyon an, Doktè Isaac Archelus, Pòtoprens. Operasyon sa fèt nan kad yon ankèt kap mennen sou dosye trafik dwòg sou zile Latòti a.
Nap raple, depi yè swa, doktè a te trouve-l nan baz BLTS ki chita nan lokalite Lavo sou gwo siveyans, kote yo te kenbe pou rezon ankèt sou dosye poud blanch Latòti a. Selon deklarasyon ofisyèl yo, ajan yo fè konnen yo deside ale ak doktè a pou “rezon sekirite”. Sepandan, plizyè aktè nan depatman Nòdwès, sitou nan sektè lasante ak sosyete sivil, eksprime gwo fristrasyon sou fason yo ale ak doktè a, yo menm rive rele sa yon “kidnapping modere”.
Daprè enfòmasyon preliminè yo, prezans doktè Archelus nan dosye a ta gen rapò ak entèvansyon li sou yon sitwayen bahameyen ki te resevwa katouch pandan yon echanj kout bal ak lapolis nan operasyon dwòg zile Latòti a.
Antouka, se dosye dwòg la ak arestasyon sispèk kap miltipliye nan site Kapwa Lamò a. Sepandan, aktivite dwòg nan Nòdwès toujou fè koze; anpil moun kwè, trè souvan se pitit depatman an ki pa janm manje pwà, men ki toujou bay lapire ak dirijan dealer dwòg Pòtopwens kap jwe sinema sou tèt nèg pwovens.






