Kò bayameyen, Joey Russel: Komisè Gouvènman Pòdpè a mande mòg la remèt li

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè Gouvènman Pakè Pòdpè a, Mèt Jeir Pierre, te voye yon lèt bay mòg Lopital Imakile Conception pou mande remèt kò bayameyen Joey Russel, ki te pèdi lavi li aprè li te pran katouch pandan yon echanj kout bal ak fòs lòd yo. Ensidan sa a te fèt nan kad operasyon otorite yo tap mennen sou dosye dwòg Latòti a.
Joey Russel, ki te sòti Bahamas daprè enfòmasyon yo, te mouri pandan li tap resevwa swen nan lopital la. Nan demann li a, komisè a te presize se Luckson Julmiste ki pou resevwa kadav la, kòm reprezantan legal oswa fanmi.
Sepandan, selon sa jounalis TRiboLAND yo aprann, kadav Joey Russel la ta deja sòti Ayiti epi rive Bahamas, malgre tout kontwòl ki ta dwe fèt sou sityasyon an.
Kesyon kap poze, sou ki fason kadav la te kite peyi Dayiti; ki verifikasyon legal ki te fèt. Dosye a sanble louvri sou plis kesyon pase repons.






