Tigwav Kriminalite: Widlason Cupidon aje de 19 lane, touye ak plizyè kout kouto Hodnelson Fort, 21 lane.

848

08-24-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Widlason Cupidon, se non yon jèn gason ki genyen 21 lane ki touye ak plizyè kout kouto Hodnelson Fort, 19 lane. Zak sila komèt nan lannwit mèkredi 23 pou louvri jedi 24 dawou 2023 a, nan lokalite Bwatò 4èm seksyon kominal Fontarabi,Tigwav, dapwè kòdonatè kazèk zòn nan, Duperval Lebrun ki konfime enfòmasyon an.

Ensidan sa a rive, daprè sa kazèk Duperval Lebrun di kèk temwen ki te sou plas rapòte li, se nan moman 2 jèn gason yo tap ede fanmi bòs Germain transpòte yon kadav, briskeman Widlason Cupidon simen kout kouto sou viktim nan Hodnelson Fort ki toutswit ta pral rann dènye soupi li.

Nap siyale, viktim nan Hodnelson Fort pat genyen chans ale lopital, li te mouri sou plas e kadav la tef è yon bon bout tap benyen nan san tout nwit lan, rete pase tout rès nwit la ap benyen nan san, selon administratè seksyon an, Duperval Lebrun.

Comments are closed.