Ajan BLTS nan Pòtopwens kloure pòt antre enstitisyon pou proteste kont arestasyon frè dam yo

780

Biwo enstitisyon kap batay kont pratik dwòg nan peyi Dayitia kloure byen di; se aksyon ajan yo ki reklame liberasyon san kondisyon, Ronald Docteur, ki te jwenn arestasyon li nan zafè konplisite zam ilegal legliz Episkopal la.

06-06-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Ajan BLTS yo ki kanpe travay depi nan dat premye jwen 2023 a, kloure pòt antre prensipal biwo a, pou mande liberasyon Ronald Docteur, yon ajan BLTS lapolis te arete pou tèt nivo enplikasyon li nan dosye transpòtasyon zam ilegal legliz Episkopal Dayiti a.

Pou kore mouvman revandikasyon an, ajan BLTS yo, nan sans sa a, tou pwofite mande ak responsab biwo a, bay talon li paske dapwè yo li pa vin regle anyen serye.

Comments are closed.