Gro tansyon ak zak piyaj nan Nòdwès: 3 enstitisyon dechèpiye; 12 moun jwen arestasyon yo

1,300

09-19-2022

Lapwent, Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Plizyè group moun melanje ak kèk endividi ame piye 2 enstitisyon relijyez ak you prive. Karitas, yon lokal katolik ki nan lokalite Lavo nan Lapwent Palmis, dezyèm seksyon komunal Pòdpè ak Biwo proteksyon Sivil nan Ofouno, katryèm seksyon Pòdpè, sakaje e piye anba yon group moun ki pa tap manifeste.

Soeurs Myriam, se yon lòt enstitisyon katolik ki nan banlye vil Pòdpè te egalman anba gro atak plis pase yon senkant moun ki tap trese lèl poufè piyaj; konsa, se gras ak detachman rapid fòs lòd yo ki arive limite dega yo.

Genyen plis pase yon douzèn arestasyon ki efektye. Nan moman sa, selon yon nòt lapolis, BLTS deja genyen kontròl siyasyon an, patikilyèman lokal Karitas la ki te anba atak yon group piyajè byen òganize.

Nap raple, lapopo arive rekipere kèk bagay nan zòn avwazinant lokal Karitas la, yon enstitisyon katolik.

Comments are closed.