Mawotyè : yon seksyon kominal abandone ou ki pa nan rada gouvenman koupyon an

333
0
Share:
Triboland

Mawotyè, Ayiti_______9RiboLAND) Mawotyè se 4e seksyon kominal Pòdpè, depatman Nòdwès. Se yon seksyon Leta Santral neglije e ki ta sanble pa parèt nan rada pwojè gouvenman koupyon kap krate santi nan pouvwa a. “Yo ta sanble yo elimine Mawotyè nan kat jewografik peyi Dayiti”, se deklarasyon msye ERVILUS MONMUS, Kazek seksyon kominal la nan mikwo TRiboLAND.com.

Mesye ERVILUS MONMUS esplike pa ka genyen devlopman san wout; Mawotyè ap fonsyone sou mod akayik. Pa genyen wout menm pou soley ak lapli ta raboure. Nan mwa sa yo solèy griye tout plantasyon peyizan yo ak flanm dife.
Akse dlo potab, se nan domi moun we bagay konsa; abitan yo pa gen mache konbyen kilomèt pou boske yon galon dlo rivyè menm kote zannimo yo bwè.

Kanta ensekirite a, pa genyen bouch pou pale! Li vini sou plizyè lòt fòm: yon bò vòlo pa vle kite jaden ak bèt peyizan yo; yon lòt bò, gen yon dividal bandi ki lage 2 gidon nan seksyon an; yo fè resèt nan mache Bochan, chak vandredi e dechèpiye popilasyon an avèk kè poze.

Fas ak tout pwoblèm sila yo, ERVILUS MONMUS, ki di li enpuisan devan soufrans peyizan yo ki pa konn ki sen pou yo rele, ap kesyone Leta sangwen an pou konnen si non Mawotyè pa figire nan kat jewografik peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply