Kazèk yo an difikilte nan Nòdwès: 12 mwa san touche yon goud nasyonal

01/25/21
Pòdpè______(TRiboLAND) Kazèk yo ki nan depatman Nòdwès la e ki gen anviwon 12 mwa depi yo pa resevwa yon goud nasyonal nan men Leta ayisyen, pa konn ki sen pou yo adrese.
Kowòdonatè KASEK 7e seksyon kominal Pòdpè, lokalite Mawotyè, Ervilus Monmus deklare malgre tout kalte pwomès Leta santral pou pèmèt bonjan fonksyònman biwo KASEK yo atravè seksyon kominal yo, pa janm gen anyen ki fèt.
Pou sa ki konsène moso jistis, popilasyon an ki toujou viktim anba men bandi ak zàm, oblije mache plizyè km apye pou mache dèyè tik al jistis jis nan vil Pòdpè. Se youn nan rezon ki fè’l t’ap batay pou rive mete yon anvan pòs Polis ak Tribinal depè nan kanton an, ki t ap pèmèt jistis la rapwoche peyizan yo; men otorite yo toujou kanpe ankwa.

Mete sou sa, aksè pou peyizan yo jwenn bon dlo pou yo bwè, pa fasil. Yo oblije achte dlo pasachè pou pase swàf yo ki se yon veritab tèt chaje pou peyizan, toujou daprè kowòdonatè KASEK la ki t’ap dekri nan ki sitiyasyon seksyon l’ap dirije ap naje.
Pou koulya, anpil moun ap chèche kesyone tèt yo pou yo ka rive konnen ki jou, kilè Leta santral ap pran responsabilite l vizavi peyizan yo an agoni nan seksyon kominal yo.
Saint Jean Wiskis






