Tansyon nan Mawotyè : Monmis Elvius denonse fèmti biwo CASEC la ak enstalasyon yon lòt katèl

350
0
Share:
TRiboLAND

08/18/2026

Pòdpè, Mawotyè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon konfli politik ak administratif ap pran jarèt nan seksyon kominal Mawotyè, kote Kazèk Monmis Elvius, alyas Ti Bòs, ap denonse yon demach Pierre Joseph ak plizyè lòt moun mennen pou fèmen biwo Kazèk la epi mete sou pye yon lòt katèl Kazèk yo menm rive enstale.

Daprè enfòmasyon ki sikile sou dosye a, gwoup ki ta pran kontwòl biwo a ap denonse fason Monmis Elvius ak ekip li a ap dirije administrasyon seksyon kominal la. Yo fè konnen Kazèk Ti Bòs ap dirije zafè seksyon an depi anviwon 26 lane e yo akize l dèske administrasyon li ta chaje ak pratik koripsyon. Sepandan, akizasyon sa yo se bagay Kazèk la rejte kategorikman.

Nan reyaksyon pa li, Monmis Elvius fè konnen pwoblèm seksyon an se sitou mank resous. Daprè li, se yon gwoup moun ki gen yon dezakò politik avè l ki ta dèyè demach la. Li estime opozan li yo ap chèche retire l nan tèt seksyon an san yo pa respekte pwosedi legal ki egziste pou ranplase oswa destitiye yon katèl Kazèk.

Kazèk Ti Bòs akize Pierre Joseph ak ekip li a dèske yo ta vle sèvi ak fòs ak entimidasyon pou mete yon lòt katèl nan plas ekip ki la a. Li mande otorite ki konsène yo entèvni pou mete lòd nan sitiyasyon an epi anpeche konfli a pran yon lòt dimansyon.

Malgre Monmis Elvius ak Pierre Joseph te konn fè pati menm òganizasyon, relasyon ki te genyen ant de mesye yo sanble chanje anpil sou teren politik la. Jodi a, yo twouve yo nan de kan opoze nan yon batay ki gen rapò ak kontwòl administrasyon seksyon kominal Mawotyè.

Sou kesyon legalite a, Monmis Elvius soutni se li menm ki toujou responsab legal seksyon an, pandan li konsidere enstalasyon yon lòt katèl kòm yon aksyon ki pa gen baz legal. Li mande otorite leta yo pran responsabilite yo pou evite sitiyasyon an vin pi grav.

Nan deklarasyon li, Kazèk la ale pi lwen lè li fè referans ak vyolans politik ki te make istwa peyi a, sitou masak ti peyizan yo nan dat 23 jiyè 1987 la. Li ale pi lwen pou fè konnen, si Leta pa entèvni, ekip Pierre Joseph la sou liy pou fè yon lòt masak konsa ankò.

Pou kounye a, konfli ki pete nan Mawotyè a soulve gwo kesyon sou legalite chanjman katèl Kazèk la, otorite ki gen pouvwa pou pran yon desizyon konsa, ansanm ak nesesite pou tout pati yo evite nenpòt aksyon ki kapab mennen nan vyolans. Popilasyon an ap tann yon entèvansyon otorite konpetan yo pou klarifye sitiyasyon an epi anpeche tansyon politik la dejenere.

Share:

Leave a reply