Plizyè avoka bloke Pakè Pòtoprens lan pou denonse zak malonèt Komisè a ranson kap manniganse anndan biwo’I la

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon gwo mouvman dewoule devan Pakè Pòtoprens lan jounen jodi lendi 21 jiyè 2025 lan, kote plizyè avoka leve vwa yo pou denonse sa yo rele “derapaj grav” komisè gouvènman an, Me Frantz Monclaire. Ke avoka yo akize a dèske lap fè plis “gouyad” ke “dwa”, e yo di gen zak imoral ak pratik kòripsyon ki vin tounen nòmal nan biwo pwezime imoral la.
Selon plizyè temwaynaj avoka yo, yo konn jwen po kapòt nan biwo komisè a, e se pa ti wont sa lakoz nan mitan pwofesyonèl lajistis yo. Yo fè konnen biwo a tounen yon kote “ranson ap fèt pi souvan pase lajistis”, kote sitwayen ki vin pote plent oblije bay kòb pou ka jwenn sèvis.
Avoka yo mande otorite Leta yo pran responsablite yo. Yo egzije revokasyon komisè a imedyatman, epi mennen ankèt sou tout pratik kap sal imaj sistèm lajistis la. Gen nan mitan avoka yo ki di yo pap mete pye ankò nan Pakè a jiskaske netwayaj fèt, epi lanse gwo apèl bay CSPJ ak Ministè Jistis la pou mete lòd nan dezòd.






