Fondasyon TRiboLAND lanse premye jounen fòmasyon li sou konfeksyon sandal ak Valiz nan lokalite Bochan, depatman Nòdwès

976

07-27-2023

Fondasyon TRiboLAND kontinye ap miltipliye fòmasyon gratis avèk resous li yo nan depatman Nòdwès la, sèt fwasi, se fabrikasyon sandal ak valiz jèn fanm ak jèn gason yo pral aprann fè jounen 27 rive 29 jiyè 2023 a, nan Bochan, yon lokalite ki anba zèsèl komin Jan-Rabèl.

Bochan, Ayiti____(TRiboLAND) Nan lide pou batay kont fenomèn delenkans jivenil lan, kap fè ravay nan peyi a, e pou diminye fenomèn ensekirite ou aktivite gang yo nan depatman Nòdwès la, Fondasyon TRiboLAND deside fòme jèn yo nan òganize fòmasyon ki chita sou konpetans ak abilite ki debouche sou apezman ekonomik.

Plizyè vil ak divès seksyon kominal nan peyi Dayiti deja jwenn benediksyon Fondasyon an. Nan sans sa, yon ekip byen motive mete tèt yo ansanm pou pèmèt jèn yo aprann fè sandal ak Valiz. Anviwon 30 jèn fanm ak jèn gason nan divès katye ak zòn avwazinant yo pral gen chans aprann fè sandal ak valiz san yo pap peye yon goud Lesko.

Seminè sa a, ki pral òganize nan lekòl nasyonal Bochan an, pral asire anba direksyon Fòmatris Hermithe Lami, yon natif natal vil Pòdpè.

Fòmatris la ak staff TRiboLAND Beauchamp an deja mete yo disponib pou akeyi avèk lorye 3 bèl jounen aprantisaj kap tanmen jodi jedi 27 pou rive samdi 29 jiyè 2023, jan sa te anonse.                                       

Comments are closed.