Bandi ame non-idantifye okipe ansyen baz UDMO a nan Site Solèy

428

Pòtoprens___(TRiboLAND) Selon sa plizyè abitan nan Site Solèy rapòte bay plizyè medya nan kapital la, jodi dimanch 2020, yon krèy bandi ame jous nan dan ke yo pa arive idantifye pran kontròl ansyen baz UDMO nan Site Solèy, kote ke polizye administrative yo te konn baze.

Pou sèten moun se stratejip federasyon gang ame G9 an fanmiy ak alye a nan kad batay manch long pou pran kontròl “Solèy 17” anba men chèf gang notwa, Ti Gabriel. Se yon evantyèl antant ant Belekou ak Boston pou konkeri Brooklyn.

Comments are closed.