Prezidan AKNO a òganize yon seyans fòmasyon pou kòlèg li yo nan vil Pòdpè

261

10\07\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Prezidan asosyasyon kazèk nòdwès la, Jimmy Derisma ki li menm kòdonatè kazèk 6è seksyon Polen /Lakòn, rive òganize jounen madi 6 oktòb 2020 an, yon seyans fòmasyon baze sou leadership, kap pèmèt kòlèg li yo devlope yon nouvo leadership nan seksyon kominal yo.

Daniel Loriston, entèvenan nan kad fòmasyon saa, deside baze seyans lan sou kesyon sa yo: kisa leadership ye? Kisa leadership la ka pote nan yon anviwònman? Pou Loriston, pwoblèm ensekirite, pwoblèm ekonomik ak sosyal se divès kalite pwoblèm ki relatif ak leadership.

Yon lòt bò, pòt pawòl asosyasyon kazèk nòdwès la, Colas Duibert, an menm tan kòdonatè kazèk 2è seksyon Mawouj, Mòl Sen Nikola a, estime seyans fòmasyon sa a se yon mwayen anplis pou kòlèg li yo rive ogmante kapasite yo ak devlope yon nouvo karism nan nivo seksyon kominal yo.

Antouka, pou Jimmy Derisma, òganize de seyans fòmasyon pou kòlèg li yo, se yonn nan aks ke’l priyorize depi ke li monte nan tèt asosyasyon kazèk l ap dirije a.

Hyppolite Genson gensonhyppolite@8gmail.com

Comments are closed.