Sen Mak : Manm Kòdinasyon Pati Pitit Dessalines yo demisyone an blòk

556
0
Share:
TRiboLAND

Sen Mak, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon lèt ofisyèl adrese bay Kòdonatè Jeneral Pati Pitit Dessalines lan, Moïse Jean-Charles, tout manm kòdinasyon lokal pati a nan komin Sen Mak anonse yo remèt demisyon yo an blòk, san yo pa bay okenn rezon ofisyèl ou detay sou yon parèy desizyon.

Kòdinasyon an ki te gen nan tèt li Jean Micado Meres, pa bay oken detay sou rezon demisyon an, men plizyè sous lokal fè kwè desizyon sa a ta ka sòti nan yon foustrasyon k ap grandi ant baz pati a ak lidè li, Moïse Jean-Charles ki ta sanble ap pèdi plim sou teren politik la kòm pa serye, dapre kritik yo.

Daprè enfòmasyon k ap sikile, anpil militan ta santi yo dezoriante sou direksyon politik ansyen senatè Nò a. Genyen ki panse Moïse Jean-Charles ap adopte yon apwòch politik konfizyon, kote li pase ant opozisyon ak proksimite ak pouvwa a, san li pa bay okenn vizyon klè oswa estrateji solid pou avni pati a ki pa sispan pèdi pye.

Share:

Leave a reply