Yon gro dilè zam ki tap founi gang Savyen zam ak minisyon, anba men lapolis nan Sen Mak

1,095

10-27-2023

Sen Mak, Ayiti______TRiboLAND) Nan yon kominike ke li mete deyò jodi vandredi 27 janvye 2023 a, polis Nasyonal Dayiti anonse ke li fouke yè jedi 26 janvye nan Sen Mak, Jean Huges Terial, yon poulen ki te toujou ap aprovizyone gang sangwen Savyen an zam ak minisyon.

Arestasyon sa arive fèt, nan mwen pase 2 jou, aprè malfwa nan Savyen mete dlo nan je 6 polisye ke yo asasinen mèkredi 25 janvye 2023 nan Savyen.

Selon nòt lapolis, Huges se yon machan dezagreman ki genyen 44 rekòt; li se yon natif natal komin Vèrèt ki se yon kouzen youn nan chèf gang Savyen yo ki rele Lucson.

Daprè PNH la, prezime malfektè a ki se yon gro dilè zam, trouve li anba men fòs lòd yo nan komin Sen Mak pou swit legal yo.

Comments are closed.