Fòs UDMO yo nan Latibonit desann yon manm rezo gang Charèt ak Jan Deni

968

01-17-2023

Sen Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Fòs UDMO yo ap miltipliye operasyon sou operasyon nan Ba Plato a depi kèk jou. Bandi pa sispann ap blese mòtèlman chak jou ki jou.

Jodi madi 17 janvye 2023 a, se kou pa Snyder Dorcelus, alyas Ti Papi, manm gang ki nan danse kole ak rezo gang Charèt ak Jan Deni, blese e mouri nan fè tantativ pou devye yon dispozitif lapolis. Ti Papi, selon responsab polis yo nan Sen Mak, te menm arive desann machin li pouf è menas sou yon seri polisye.

Mouri blayi 2 pye devan, Lapolis te rekipere yon kalbi 9 mm ak yon machin aprè konsta legal kadav la.

Comments are closed.