Lapolis fouke Sonson, yon manm gang teworis “5 Segonn” nan vil Sen Mak

Sen Mak, Ayiti______(TRiboLAND) Nan objektif pou ekstèmine teworis yo atravè peyi Dayiti, ajan PNH yo nan vil Sen Mak prosede ak arestasyon Duferson Jeune alyas “Sonson”, yon sangwen manm gang ki fè pati group malfektè “5 Segonn” lan nan Vilaj Dedye, jounen madi 13 me 2025 lan.
Enfo yo fè konnen, se ajan UDMO yo nan depatman Latibonit ki te arive fouke Sonson. Bandi a pase anba gro entèwogasyon, alòske li konfime ke li te patisipe nan nan plizyè atak kriminèl, tankou nan yon seri atak sanglan nan komin Kabarè. Anketè ki tap pase Sonson anba entèwogatwa yo deklare ke li pale pase pèpèt mayi. Li menm avwe ke li toujou zam pou gang yo, pandan lap mande yo mete fen nan vyolans ak abi kap komèt sou malere inonsan.
Selon otorite PNH yo, arestasyon Sonson an, se yon avanse bèl longè, nan kad batay kap mennen pou eradike asosyasyon teworis la nan Latibonit menm jan nan plizyè lokalite nan peyi Dayiti.






