Jakmèl : Yon ventèn etidyan diplome nan kwizin – patisri ak dekorasyon gato nan “Focuje École Professionnelle”

08 – 12 – 2024
Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon ” Focuje “École Professionnelle ” (FEP) òganize jounen dimanch 11 dawout 2024 la, nan Legliz Sen Bènadèt yon seremoni remèt diplòm ak yon ventèn resipyandè ki soti nan 13è pwomosyon 2023 – 2024 enstitisyon an. Pandan sik etid la, etidyan yo te aprann: kwizin – patisri ak dekorasyon gato.
Loreya pwomosyon Pierre Mirlande ki batize sou non “Phare de Géraldine”, pat kache santiman satisfaksyon li; li remèsye paran li yo ak Direksyon lekòl la pou sipò ak atansyon yo.
Nan pwopo sikonstans parenn pwomosyon an, Mesye Gabriel Saint Germain akonpaye marenn lan, Patricia Jeudy, swete nouvo diplome yo pou toujou byen pèfeksyone nan travay yo ak bon jan manyè yon fason pou atire kliyan sou yo. Yo swete yo toujou travay ak pridans, pi ga yo neglije anyen.
Gras ak patenarya ki gen ant pastoral jèn yo nan Jakmèl ak “Focuje École Professionnelle”. Direktè pastoral jèn yo, Reveran Pè Altidor Jean Baptiste bay plizyè bous pou jèn yo kapab aprann pwofesyon, epi ankouraje yo enplike nan antreprenarya, piti koul ye pou yo kapab emèje. Yo dwe bay tèt yo okipasyon pou evite gaspiye tan.








Mw pa jwenn mo poum itilize pou Bel inisyativ sa AAA, ke bondye toujours kontinye beniw DG NOU.