Pou klotire ane 2024 peripesi a,  antreprenè Jean Luxama Merisier òganize nan Jeremi yon jounen refleksyon sou pwoblematik Grandans lan. 

267
1
Share:
Triboland


12 – 28 – 2024 

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè gro lapli manch long ki mete depatman Grandans lan ajenou atravè dega umen e materyèl, biznis patron, Jean Luxama Merisier òganize yon seyans refleksyon nan lokal Vetigo Club, sou tèm
“Grandans Pap Peri”.

Ypon latriye delegasyon kite sòti nan plis pase 14 komin depatmantal, te enpoze presans yo. Bèl diskisyon ant diferan aktivite group te ofri yon seri travay ki dechifre fondamantal problematic Grandans lan. Dokiman sila yo te al jwenn Mesye Jean Luxama Merisier pou swivi. Konsa, li te bay garanti ke yo pral rejwenn ak lòt antite vital nan depatman an, e pote solisyon adekwàt yo.

Pami kèk nan pwoblèm kite plis fè pale anpli nan diskisyon yo, se te pwoblèm wout, ensekirite jeneralize a, ak pwoblèm moun ki sinistre depi aprè move tan an, ki pafwa pa menm anmezi pou monte chodyè yon fwa.

Share:

1 comment

Leave a reply