Demolisyon Pluxhotel nan kad operasyon “Libere Boulva” nan vil Okap

108
0
Share:
TRiboLAND

01/09/2026

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Vil Okap leve maten vandredi 9 janvye 2026 la sou yon gwo entèvansyon Leta nan kad operasyon “Libere Boulva” ke Delegasyon Depatmantal Nò a ap mennen pou mete lòd nan itilizasyon espas piblik yo. Se konsa, ekip teknik yo rive demoli Pluxhotel, yon otèl ki te resamman lanse nan dezyèm vil peyi a.

Depi nan fen ane 2025 lan, Delege depatmantal Nò a, Marc M. Présumé, ansanm ak Mèri Kap Ayisyen, te lanse operasyon sa a ki gen pou objektif kraze tout konstriksyon ki pa respekte règ urbanis yo, espesyalman sa yo ki okipe espas Leta, tankou twotwa ak boulva.

Daprè responsab yo, Pluxhotel ta fè pati seri enfrastrikti ki pa t konfòm ak prensip legal yo, e ki te okipe yon pati nan espas piblik la. Se sou baz sa a, otorite yo pran desizyon pou pase ak aksyon demolisyon an, san okenn distenksyon.

Operasyon “Libere Boulva” a vize, selon Delegasyon Depatmantal la, retabli otorite Leta, asire sikilasyon lib pou pyeton ak machin, epi bay vil Okap yon vizaj ki plis òdone e modèn. Otorite yo raple ke avètisman te deja bay plizyè pwopriyetè konstriksyon anvan yo pase nan faz demolisyon.

Pandan demach la ap kontinye nan lòt zòn vil la, kèk sitwayen salye inisyativ la, pandan gen lòt ki mande plis dyalòg ak akonpayman pou evite gwo pèt ekonomik. Malgre sa, Delege depatmantal Nò a fè konnen operasyon an pap sispann, e li ap kontinye jiskaske tout espas piblik yo fin libere.

Share:

Leave a reply