Refi Biyè 10 Goud nan Kap Ayisyen : yon Sitiyasyon Ki Mande Entèvansyon Otorite Yo

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan kèk katye Kap Ayisyen, yon nouvèl k ap fè wout li, se refi chak jou plizyè moun pou yo aksepte biyè 10 goud la. Moun ki ap achte yo toujou nan bouch lonje ak sa kap vann ki refize pran biyè 10 goud yo sou mache a, alòske Leta pa mete oken nòt deyò pou di biyè sa pa valab ankò.
Pratik sa a mete moun ki gen ti biyè 10 goud yo nan difikilte e li ka lakoz plis inegalite nan tranzaksyon kotidyèn. Ekspè ekonomik yo kontinye mete aksan sou konsekans pwoblèm monnen oswa refi monnen nan ekonomi an. Lè moun refize sèvi ak ti valè lajan, sa ouvè pòt pou ogmantasyon pri machandiz yo, paske tout tranzaksyon ap fèt ak gwo biyè yo, epi ti rès yo pa respekte. Kidonk, refi biyè 10 goud la, se pa yon kesyon imajinasyon, li se yon menas reyèl sou estabilite mache lokal yo.
Nan mitan kriz sa a, otorite yo poko mete tèt yo deyò pou bay yon pozisyon klè. Pa gen mesaj ofisyèl, ni atravè radyo, televizyon oswa telefòn mobil pou edike popilasyon an sou valè legal biyè 10 goud la. Sepandan, se devwa Bank Santral, Ministè Ekonomi, ak lòt enstitisyon ki gen misyon siveye ekonomi an pou entèvni epi mete klète sou sa. Yon kanpay sansibilizasyon ijan nesesè pou anpeche kriz sa a vin pi grav epi pou garanti ke tout valè lajan yo kontinye jwe wòl yo nan ekonomi nasyonal la.
Aprè adoken yo (5 goud) machann yo pa vle pran, konnya se biyè 10 goud yo. Nan peyi Dayiti, Leta pèdi kontwòl divès bagay, se gang ak sèten manm nan sektè prive sangwen an kap fè la lwa.






