Ayiti Mobilizasyon: Jounen “Dragon” ou “Operasyon Moun Fou” an bay move sant

Pòtopwens__(TRiboLAND) Jodi Vandredi 27 Septanm 2019 la, se jou “J”, “Jou Dragon” ki senbolize gwo manifestasyon ak tansyon pou kapote rejim Jovenel Moise la ki pa sispann rann peyi-a envivab. Enòmite pwotasyon ki deja ap ranfòse mouvman “peyi lòg” la deja bay toudisman.
Joune-a pwal tris e revòltan! Konsa, entènasyonal la deja antisipe plizyè rara ak aksyon kokorat nan deblozaj sa yo ki pwal montre yon lòt fwa ankò ke ayisyen pa kapab dirije tèt li.
Tout sa yo se konsekans yon ekip dirijan malad mantal ki toujou benefisye move chwa popilè yo. Konsa, rezilta-a pa ka lòt bagay sinon ke: enkonpetans, efondreman leta, còripsyon sistematik, boujwa kòwonpi, kriz alimantè, kriz anviwonmantal, pou nou site sa yo sèlman.
Peyi-a ap efondre chak minit Bondye mete! Se yon dram imanitè! Tout endis sa yo montre se yon bonm ki pwèt pou eksploze. Pèp Ayisyen nan sans sa gen 2 inik chwa: asèpte kontinye viv nan eta degradan e malpwòp sa, oubyen fwape pye yo atravè yon detèminasyon global pou sispann asèpte viv vale enposib pandan yap kapote yon fwa pou tout eksplwatasyon kwonik ak kòripsyon sistematik ki rine peyi-a e redwi sitwayen ayisyen an kòm moun.
Sa gen pou gate tout bon! E li gen pou li parèt pi mal avan pou li parèt bèl! Sèl bagay, viktwa-a ap toujou bò kote pèp agoni-a!






