Spirit Airlines: yon vòl pou retounen Etazini

677

Apwè ke li finn jwenn otorizasyon, konpayi ”Spirit Airlines” gen pou li efektye yon vòl kap soti Port au Prince pou Fort Lauderdale, Floride madi kap 2 Jwen 2020 an.

Malè avèti pa touye kokobe! Responsab Spirit yo avèti tout pasajè, pwiyorite li nan vòl sa se pwoteje tout pasajè li ak ekipaj li; konsa li egzije tout pasajè genyen mas ou cache nez ki apwopwiye pandan vòl la.

Kidonk, tout sitwayen ameriken ki swete vwayaje nan peyi Etazini dwe bwit sou kou fè aranjman ak anbasad Etazini; konsa apwè vòl 2 Jwen sa pap genyen oken vòl ki planifye ant peyi Dayiti ak Etazini.

Comments are closed.