Rose Lumane Saint-Jean moute bikolè ayisyen an byen wo ak pwi piblik TV5MONDE lan

145
0
Share:
TRiboLAND

05/25/2021

Jèn kapwaz, Rose Lumane Saint-Jean ki te patisipe nan konkou entènasyonal elokans inivèsite Pari 1 Panteyon- Sòbòn nan, arive dekwoche pwi piblik TV5MONDE lan.

Avèk benediksyon piblik anliyn lan, Rose arive benefisye plis vòt swivan pèfòmans li nan semi-final la kite dewoule 14 me dènye nan Sòbòn. Jèn ayisyèn nan arive enpoze li atravè 2 tèks chedèv, “Faut-il décrocher la lune”? ak “Éloge de Toussaint Louverture”.

Se yon veritàb fyète rasyàl ki anime tout ayisyen, nan yon moman kote ke tandans yo ap sou estime valè ak jeni ayisyèn nan. Rose Lumane Saint-Jean te pami 8 finalis. Li ranpòte pwi TV5Monde lan, selon entansyon ak admirasyon piblik anliyn lan ki tranche. Se vrèman fomidab paske li reyèlman dekwoche lalin nan!

Share:

Leave a reply