Prezime Fo Doktè Bendjy Chéry jwenn arestasyon li nan vil Kap Ayisyen

1,298

02-25-2023

Kap Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Jounen vandredi 24 fevriye 2023 a, pat yon bon jou pou Bendjy Chéry, 31 lane, ki tonbe anba minòt lapolis nan vil Kap Ayisyen sou akizasyon “Fo Doktè”, daprè yon sous lapolis.

Bendjy ki fè tèt li pase kòm gro Doktè, genyen gro akizasyon ki tonbe sou tèt li tankou: eskanmòtè nan tit, itilizasyon fo dokiman, abi konfyans, trik mètdam ak livrezon fo papye medikal ak idantite. Anplis, li fè tèt li pase kòm ajans vwayaj egalman; nan prepare ou planifye vwayaj pou fè moun pati nan peyi lòt bò dlo.

Se konsa, lapopo ki tap chèche Bendjy Chéry tankou chyen fou depi lane 2020, arive mete minòt nan ponyèt charlatan an, ki nan moman sa pral fè fas ak Lajistis.

Nap raple, Fo doktè Bendjy Chéry te genyen plis pase yon 15 plent ki te fòmile kont li nan lapolis.

Comments are closed.