Ratman gaz : Lopital Konvansyon Batis Dayiti ap pran lanm

2,096

10/23/2021

Katye Moren, Kap Ayisyen_____(TRiboLAND) Lopital Konvansyon Batis Dayiti ki nan Katye Moren, depatman Nò peyi a, ap pran lanm e tonbe an defayans onivo sèvis akoz ratman gaz la sou tèritwà nasyonal la.

Nan yon mesaj detrès ak konstènasyon ke li fè sòti vandredi 22 oktòb 2021 an, responsab Lopital Konvansyon Batis Dayiti yo rele 2 men nan tèt pou sitiyasyon dizèl ki rann anpil sèvis paralize e ki mete lavi fanm ansent ki bezwen sezaryèn, ti nosan pwemature nan Inite Newonataloji a ak malad kovid-19 yo ki andanje.

Nan mesaj detrès la, responsab enstitisyon medikal la, mande konkou tout antite konsène yon fason pou ede pèsonèl la rete operasyonèl nan moman sa yo ki ekstrèmman difisil e ensupòtab.

Comments are closed.