Anplwayè Sant Anbilansye Nasyonal sakaje tankou chyen fou yon lokal ki rezève pou malad kovid-19

0 564

Gonaiv____(TRiboLAND) Kabann vòltije deyò, chèz ak divès lòt materyèl kraze mete atè, se pami divès dega anplwayè Sant Anbilansye Nasyonal yo fè jodi 28 Avwil 2020 an nan perimèt lopital La Providence nan Gonaiv.

Anplwayè pwotestatè sa yo ki deklare se twòp atò, te rele lwa manman yo pou yo reklame avèk vyolans 3 lane ak 10 mwa aryre salè yo. Konsa, yo sakaje e mete tèt anba divès materyèl yo jwenn sou wout yo nan yon lokal ki tap pwepare pou akomode malad kowonaviris nan Site Endepandans lan nan Depatman Latibonit.

Yo pwomèt tou pou yo pase yon vitès fè cho san rete si responsab yo pa pran an koz revandikasyon yo.

Leave A Reply