Me ki sa TRiboLAND konnen osijè yon papa ki pèdi 7 pitit pami 90 moun ki mouri nan eksplozyon 14 desanm 2021 an nan vil Okap

2,830

12/22/2021

  • Ensandi ou eksplozyon tanker gaz nan Kafou Samari nan Lafosèt, Okap Ayisyen okazyone lanmò 90 moun san konte sa ki toujou nan yon eta kritik lopital.
  • Lucien Belonne alyas “Dejala” se yon doktè fèy 55 lane ki pèdi 7 ti moun nan eksplozyon 14 desanm 2021 an nan Okap.
  • Dapwè Dejala; li pèdi 7 pitit nan 21 timoun ke li te genyen antou.
  • Pi piti nan 7 timoun ki mouri yo genyen 23 lane, dapwè Dejala ki pa konnen ki sen pou li rele.
  • Dejala fè plizyè timoun avèk dezyèm madanm li ki se yon viktim pye andomaje nan moman li tap kouri chape poul li pandan ensandi a.
  • Dejala ki toujou genyen madanm li lopital, deklare li pa twouve tras 5 nan pitit li yo nan menm jou eksplozyon an.
  • 2 nan pitit li yo ki te bwile gravman te transpòte lopital e trepase apwè kèk jou.
  • Genyen nan ti moun yo ki te komèsan kap achte Sen Domeng ; genyen youn ki se bòs mason; youn ki se yon teknisyen nan decode telefòn mobil; youn ki te etidyan nan lise.
  • Dejala konfime bay lapwès ke li pa jwèn menm yon senkòb Lescot lè li te apwoche responsab munisipal vil Okap yo pou asistans.
  • Dejala deklare lè li wè se atè yo te mete 2 lòt kadav yo nan lopital la; li te oblije rele yon ponp funèb yon fason pou antere yo ak pwòp fèb mwàyen li.
  • Dejala ansanm ak lòt paran viktim yo deklare ke gouvènman Ariel Henry a dezonore avèk anpil mepwi ak imilyasyon memwà sitwàyen ki mouri yo.
  • Anpil kritik estime fason ke gouvènman Ariel Henry a reponn ak sitiyasyon viktim yo, se plis ke yon wont ak yon leadership anfantiyàj ki montre ke peyi ap kontinye anba men iresponsab ak enkonpetans kap dezumanize moun menm apwè yo mouri.
  • Lòt kritik bò kote fanmiy viktim yo ale pi lwen pou yo denonse otorite lokal ak federal de yon seri vanpir kap fè gagotaj ak siwotaj ak lajan sou non kadav yo.
  • Seremoni funèb ou senbolik viktim yo, se te yon veritab “Show medyatik” ou “Buzz”. Te genyen sèlman 4 sèkèy pou jistifye sinema dezonorab la.
  • Plizyè nan viktim grav ke yo te elikopte, te lage tankou endijan san swivi parantal, san asistans medikal e san entèvansyon sikolojik nan Lopital Jeneral, nan Pòtopwens.
  • Ariel Henry ki se yon doktè nan tèt gouvènman an, echwe nan menm fasilite mwàyen transpòtasyon pou kadav epapiye yo retounen al jwen fanmiy viktim yo nan Okap.

Comments are closed.