Wout Bono : yon malè pandye sou tèt chofè ak pasajè kap kouri pou bandi sangwen.

Bono, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi bandi sangwen yo te fin pran Tibwadóm an notaj, Bono, 5e seksyon kominal Senlwi Dinò, depatman Nòdwès, vin yon ekivalan wout nasyonal pou fasilite trafik Nódwès ak Nò ou Nòdès peyi Dayiti. Deklarasyon plizyè abitan nan rejyon an fè konnen, pa janm pase de oubyen twa mwa pou machin, motosiklèt pa fè aksidan sou wout sila a.
Abitan yo fè konnen egalman, ke te gen apèl dòf ki te lanse pou wout la; e te menm genyen yon premye pyè ki te rive poze pou kontriksyon wout Bono – Ansafolè a, men ta sanble se te pwason davril.
Abitan yo rapousiuv pou di tou: wout Bono vin pi grav depi avan e aprè gwo inondasyon ki te frape depatman Nòdwès la, nan dat 22, 23 desanm 2024, kote otorite nou yo pa janm fè anyen pou amelyore eta lamantab wout sila a
Devan tout menas sa yo, popilasyon Bono mande entèvansyon mouche Leta sou twonson Bono-Ansafolè, yon wout tout kouch moun frekante nan moman sa yo pi souvan; avèk objektif pou arive sove vi yo anba grif bandi sangwen ki pran peyi a an notaj.






