PM Ariel Henry manke kite po li nan Gonaiv anba yon tanpèt kout zàm

3,422

01/01/2022

Gonaiv_____(TRiboLAND) Yon tiyasyon cowboy dejenere jodi samdi 1 janvye 2022 a nan Gonaiv nan moman PM Ariel Henry te pwèt pou li te kite ak yon seri gwo ofisyèl Katedral Vil Gonaiv la nan okazyon 218èm komemorasyon endepandans peyi Dayiti.

Katchouboumbe a deklenche otomatimakman lè fòs inite espesyàlize yo ak konplisite plizyè lòt antite taktik ki pat kapak kontrekare furè ak kòlè yon seri endividi ki tap simen katouch nan tout bout kwen nan anviwonnman Katedràl site Endepandans lan. Se yon veritab tanpèt kout zàm ki dekri yon imaj film cowboy e ki ta sanble okazyone lanmò yon endividi ak yon latriye blese.

Menm pou yo te rive lage pye yo pou pran machin pou kouri retounen antrer nan kapital la, otorite ayisyèn yo te anba gwo difikilte pou arive gen kontwòl yon rezistans fawouch ki te mete lavi ofisyèl gouvènmantal yo an danje. Sekirite rapwoche PM Henry yo tap miltipliye manèv pou pwoteje li an rondèl, alòske lòt manm nan gouvènman an te konplètman anba chòk pat konnen sou ki pye pou yo te danse nan yon chanbadman tanpèt kout zàm, leve kouri ak “sauve qui peut”!

https://m.facebook.com/Tripotayhaitien/videos/1081929445934302/?extid=NS-UNK-UNK-UNK-IOS_GK0T-GK1C&refsrc=deprecated&ref=sharing&_rdr

Comments are closed.