Dram nan vil Jeremi: Yon elèv NS3 mete fen nan lavi li

01/16/2026
Jeremi, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon gwo dram frape vil Jeremi. Yon jenn demwazèl ki t ap fè NS3 nan Lycée Jeunes Filles de Jérémie mete fen nan lavi li, aprè li te vin ansent pou yon lòt gason pandan li te deja gen menaj.
Jèn fi a rele Cherlie. Daprè enfòmasyon ki disponib yo, sitiyasyon an te vin twò difisil pou li sipòte, sa ki pouse li pran desizyon trajik sa a.
Daprè Anderson Duvert, ensidan sa a choke tout kominote Jeremi a, sitou fanmi an, kamarad lekòl yo ak popilasyon an jeneral. Dram nan relanse kesyon sou presyon sosyal, pwoblèm sikolojik ak mank sipò jèn yo ap fè fas jounen jodi a. Li ta menm fè konnen li te tande pale sou yon parèy sijè sou rezo yo, divès moun kap swiv li te konprann li trè mal.
Otorite yo ak responsab lekòl yo poko fè okenn deklarasyon ofisyèl sou dosye a.





