Anpil kawotchou boule ak anpil kout bal reyèl tap tire nan blòk mapou Wananment jodia

06-29-2023
Wanament, Ayiti _______(TRiboLAND) Plizyè kout bal tap chante nan blòk mapou, alòske kawoutchou tap boule nan divès kwen nan Wanament jounen jodi jedi 29 jen 2023 a.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn repòtè TRiboLAND, se yon mouvman leve kont kèk brigan atoufè nan BSAP la ki pran plezi wonfle jèn gason kon fanm nan komin nan.
Yon lòt bò, baz Nan Mapou te sou pye li egalman, kote ke yo tap eksprime pwotestasyon yo ansiyn solidarite avèk alye yo ki te viktim anba nèg BSAP sila yo pandan plizyè fwa; yo te pran lari vè 11zè e bloke ak kawoutchou flanm dife, plizyè ri nan moman te genyen gwo kout zam ki tap tire.
Konsa, selon enfo TRiboLAND ta arive jwenn, leve kanpe jounen jodia, ta genyen pou wè avèk yon sèten Franlik ke lwijanboje BSAP yo ta bastone pou zafè politik pou fanm.
Nan dènye jou sila yo, komin Wanament konnen anpil gwo tansyon chak jou ki jou.






